Soup joumou nan RAMSA

RAMSA Selebre Soup Endepandans lan avèk Dignite ak Inite

RAMSA Soup Endepandans lan avèk Dignite ak Inite 🇭🇹

1er janvye pa yon jou òdinè. Se nan dat sa a, chak Ayisyen sonje viktwa istorik pèp nou an. Se jou kote nou mete sou tab nou pa sèlman yon soup, men tout valè, kouraj, e eritaj zansèt nou yo.

RAMSA, Rasanbleman Madan Sara Ayiti, onore jou sa a avèk respè pou fanm vanyan yo ki, menm jan ak zansèt yo, leve chak maten pou fè Ayiti viv. Nan tout kwen peyi a, Madan Sara yo pote lavi sou mache yo, pote limyè sou ekonomi an, e kenbe tradisyon nou vivan.

Nan kad selebrasyon sa a, RAMSA te mete ansanm ak fanmi li, ak kominote li, pou prepare ak pataje Soup Joumou, jan sa fèt depi 1804. Nou selebre ak manje ki te entèdi pou esklav yo, men ki vin senbòl libète pou yon pèp ki leve tèt li.

Soup lan pa sèlman cho, li ranpli ak memwa, fyète, lanmou, e lespwa.

RAMSA renouvle angajman li pou soutni Madan Sara yo, defann dwa yo, epi bati avni ak diyite pou tout fanm ki charye espwa Ayiti sou tèt yo chak jou.

Viv Ayiti, viv Madan Sara, viv 1er Janvye!
Bòn Ane 2026! Ann kontinye mache men nan men.

2 thoughts on “RAMSA Selebre Soup Endepandans lan avèk Dignite ak Inite”

Comments are closed.

Scroll to Top