Ann Travay Sou PLan Sosyal, Ak Ekonomik Pou Amelyore Kondisyon Madan Sara YO

Enpak RAMSA

Sa nou fè sou teren an
RAMSA travay chak jou pou mete Madan Sara yo sou sèn piblik la. Nou òganize atelye fòmasyon, fowòm, konferans ak kanpay sansibilizasyon pou ranfòse kapasite fanm komèsant yo epi pote chanjman dirab. Atravè aksyon nou yo, nou kontribye nan: Ranfòsman solidarite ant fanm yo Amelyorasyon kondisyon travay Madan Sara yo Defans enterè yo nan politik piblik ak desizyon estratejik.
ramsa moun sou kamyon

Vizyon RAMSA

Vizyon RAMSA se wè yon Ayiti kote tout Madan Sara gen aksè ak jistis ekonomik, sekirite, ak rekonesans sosyal kòm poto mitan devlopman peyi a. Nou reve yon sosyete kote fanm komèsant yo pa siviv, men yo pwospere ak diyite.

Aktyalite RAMSA

Nou Defann Dwa Madan Sara yo

Nou leve vwa Madan Sara yo pou pwoteje dwa ekonomik ak sosyal yo. RAMSA angaje li pou fè travay fanm komèsant yo rekonèt, respekte epi entegre nan desizyon piblik yo.

Nou Fòme ak Akonpaye pitit madan sara yo

Pitit Madan Sara yo bezwen konesans, oryantasyon ak soutyen pou grandi. Nou ofri fòmasyon, sansibilizasyon ak akonpayman pou ranfòse kapasite yo ak sekirite yo.

Nou Ranfòse Ekonomi Popilè a

Nou travay pou amelyore aksè Madan Sara yo ak kredi, edikasyon finansyè ak asistans legal, pou yo ka devlope aktivite yo ak plis estabilite ak diyite.

Nou Kreye Dyalòg ak Inite

RAMSA bati pon ant Madan Sara yo, otorite piblik ak sektè prive a. Nou ankouraje solidarite, inite ak kolaborasyon pou chanjman dirab nan sosyete a.

Chif Yo Pale Pou Nou

Pwojè nou yo pouse nou bay meyè de nou menm epi asire nou ke nou kraze pwòp rekò nou yo. Nou kontan n ap grandi epi ede plis Madan Sara ak fanmi yo chak jou.

Manm nan tout peyi a
0
Pitit Madan Sara jwenn fòmasyon
0 +
pwojè reyalize
0 +
Asirans delivre pou Madan Sara yo
0
Patnè nou yo
Scroll to Top