Konnen nou

Kiyès Nou Ye ?

Nou se oganizasyon angaje ki kwè chak aksyon solidarite ka leve yon Madan Sara, ranfòse fanmi li, epi bati yon pi bon avni pou Ayiti.

Nou te kòmanse pa pote soutyen bay Madan Sara ki te nan sitiyasyon difisil, men ki te gen volonte travay, aprann epi amelyore kondisyon lavi yo. Rapidman, nou te reyalize anpil lòt Madan Sara ap lite chak jou san pwoteksyon, san aksè ak resous finansyè, fòmasyon ak asistans legal. Se konsa RAMSA te elaji ekip li epi deplwaye aksyon li nan plizyè rejyon pou rive jwenn plis fanm, kèlkeswa kote yo ye, epi bati solidarite ak chanjman dirab.

Jodi a, RAMSA mete an plas espas ak mekanis sipò pou akonpaye Madan Sara yo, atravè fòmasyon, asistans sosyal ak oryantasyon. Nou genyen pwen kontak ak reprezantan nan plizyè zòn nan peyi a, pou pèmèt fanm komèsant yo jwenn enfòmasyon, sipò ak asistans lè yo bezwen li.

Ki Apwòch nou ?

Men misyon nou
Misyon nou se asire chak Madan Sara jwenn sipò li bezwen, nan moman li bezwen li, kèlkeswa fòm asistans lan, pou li travay, viv ak avanse ak diyite.

Kit se yon pawòl ankourajan, oryantasyon, fòmasyon, edikasyon finansyè, asistans ekonomik oswa senpleman asirans ke yo pa pou kont yo, RAMSA angaje li pou bay Madan Sara yo sipò ki adapte ak reyalite yo, nan pi bon delè posib.

Sa se vizyon nou
Nou vle bati yon Ayiti kote okenn Madan Sara pa santi li pou kont li, epi kote chak fanm komèsant jwenn tout sipò posib, nan moman li bezwen li, pou li avanse ak diyite.

Tout ekip RAMSA pataje menm vizyon an : wè yon Ayiti kote chak Madan Sara ki ap lite, kèlkeswa difikilte li ap fè fas ak yo, santi li ka chèche èd epi jwenn moun pou sipòte li nan fòmasyon, aktivite ekonomik ak lòt bezwen esansyèl. Nou travay pou elaji prezans nou nan tout rejyon peyi a, pou RAMSA rete aksesib a tout fanm komèsant yo.

Patnè nou yo

Chif Yo Pale Pou Nou

Pwojè nou yo pouse nou bay meyè de nou menm epi asire nou ke nou kraze pwòp rekò nou yo. Nou kontan n ap grandi epi ede plis Madan Sara ak fanmi yo chak jou.

Manm nan tout peyi a
0
Pitit Madan Sara jwenn fòmasyon
0 +
pwojè reyalize
0 +
Asirans delivre pou Madan Sara yo
0
Scroll to Top