12 janvier 2010

KOMEMORASYON 12 JANVYE 2010“Yon doulè kolektif, yon memwa ki p ap

KOMEMORASYON 12 JANVYE 2010
“Yon doulè kolektif, yon memwa ki p ap janm efase”

12 janvye 2010 make youn nan pi gwo trajedi nan listwa pèp ayisyen an.Yon tranblemanntè mayitid 7.3 frape peyi a, sitou nan depatman Lwès la,e nan kèk segond sèlman, li pote dezolasyon,doulè ak latristès.

Bilan trajedi sa a te grav anpil:plis pase 280 000 moun pèdi lavi yo ,300 000 blese*, e plis pase *1,3 milyon* lézòt pèdi kay yo.
Anpil fanmi disparet, anpil moun vin andikape, e jiska jounen jodi an sikatris trajedi sa a toujou make memwa ak lavi pèp Ayisien an.

16 lane aprè, doulè a poko geri, men pèp ayisyen kontinye leve kanpe ak kouraj, diyite ak lespwa.

Nan okazyon dat sa a, Rasanbleman Madan Sara Ayiti (RAMSA) ap voye yon gwo kout chapo ak respè nan memwa tout viktim yo, e li renouvle angajman l pou kontinye batay pou gen yon sosyete kote tout moun va jwenn diyite, sekirite ak jistis.

— Biwo Kominikasyon RAMSA

Scroll to Top