Kisa nou regle

Nou soutni Madan Sara yo pou yo rive eksplwate tout potansyèl biznis yo.

RAMSA mete an plas mekanis sipò ak akonpayman pou Madan Sara yo, atravè fòmasyon, oryantasyon ak asistans. Nou genyen pwen kontak ak reprezantan nan plizyè zòn, kote fanm komèsant yo ka jwenn enfòmasyon ak soutyen chak fwa yo bezwen li.

Nou Soutni Agrikilti Lokal

Nou akonpaye Madan Sara ki aktif nan komès ak pwodiksyon agrikòl, pou valorize pwodwi lokal yo, ranfòse chèn distribisyon an, epi soutni ekonomi riral la.

Nou Fòme Timoun Madan Sara yo

Nou ankouraje edikasyon ak fòmasyon pou timoun Madan Sara yo, pou ede yo devlope konpetans, bati konfyans nan tèt yo, epi prepare yo pou yon avni miyò.

Nou Akonpanye Fanm yo

RAMSA bay oryantasyon, fòmasyon ak sipò pou Madan Sara yo, pou ede yo fè fas ak defi ekonomik, sosyal ak legal yo chak jou.

Nou Ankouraje Aktivite Ekonomik

Nou travay pou ranfòse kapasite Madan Sara yo nan jesyon, komès ak antreprenarya, pou yo ka devlope aktivite yo ak plis estabilite ak rentabilité.

Nou Sensibilize ak Konsilte

Nou òganize espas dyalòg, fòmasyon ak konsiltasyon pou Madan Sara yo sou dwa yo, edikasyon finansyè, ak bon pratik ekonomik.

Nou Ranfòse Fanmi ak Kominote

Nou kwè lè Madan Sara yo vin pi fò ekonomikman, tout fanmi ak kominote a benefisye. Se konsa nou kontribye nan yon devlopman dirab pou Ayiti.

Nou gen sousi pou

Nouvo espwa pou pitit Madan Sara yo, pou yon Ayiti ki pi solid.

RAMSA devlope dives pwogram  nan plizyè rejyon peyi a pou pèmèt pitit Madan Sara yo soti nan sitiyasyon difisil, jwenn pi bon opòtinite, fòmasyon ak kondisyon travay ki pi stab, kèlkeswa kote yo ye.

Yon nouvo avni pou Madan Sara yo ki ap lite.

Madan Sara ki ap fè fas ak eksplwatasyon, presyon ak difikilte depi bonè bezwen soutyen, konpreyansyon ak akonpayman. RAMSA travay pou ede fanm sa yo soti nan sitiyasyon ki fè yo soufri, ranfòse kapasite yo, epi ouvri chemen pou yon lavi ki pi estab ak plis diyite.

Rann rèv Madan Sara yo vin posib.

Anpil Madan Sara pa gen aksè ak resous finansyè ak sipò yo bezwen pou devlope aktivite yo ak reyalize objektif yo. RAMSA travay pou fasilite aksè yo ak fòmasyon, oryantasyon ak sipò esansyèl pou ede yo konstwi avni yo ak diyite.

Scroll to Top